Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Retrè Gradyèl Twoup l'ONU yo Ap Kontinye


FILE - Foto yon kas ble Nasyon Zini.
FILE - Foto yon kas ble Nasyon Zini.

Solda ki fè pati Misyon Nasyon Zini pou Apiye Lajistis ann Ayiti (MINUJUSTH) kontinye ap kite peyi a an preparasyon ak retrè definitif misyon an 15 Oktòb 2019.

Konsèy Sekirite òganizasyon Entènasyonal la mete fen nan misyon mentyen lapè a apre 15 zan prezans ann Ayiti. Sa pa gen lontan yon kontenjan 126 polisye wandè retounen nan peyi yo nan kad retrè gradyèl solda MINUJUSTH yo.

Apre 15 oktòb 2019 kap vini la, l'ONU pral genyen yon lòt misyon ki rele Biwo Entegre des Nasyon Zini (BINUH) ki pral yon misyon politik k ap gen pou misyon konseye e sipòte gouvènman ayisyen an. Nasyon zZni ap kontinye sipòte Plan stratejik devlopman polis nasyonal la 2017-2021.

XS
SM
MD
LG