Accessibility links

Breaking News

Soutyen Gouvènman Ameriken ak Lòt Enstans nan Kominote Entènasyonal la pou Viktim Tranblemandtè yo ann Ayiti


Moun ki blese nan tranblemandtè ki frape Nòdwès peyi Dayiti samdi 6 oktòb 2018 la kap resevwa swen anba yon tant nan lopital Pòdepè a. Foto: REUTERS/Ricardo Rojas, Ayiti, 7 oktòb 2018.

Gouvènman Etazini an prezante senpati ak soutyen li bay tout moun ann Ayiti, goudougoudou 6 oktòb la afekte. Daprè nòt Anbasad amerikèn nan, Etazini pare pou l patisipe nan efò sekou yo, si yo mande l fè sa.

Nasyon Zini manifeste men angouman pou pote asistans ki nesesè bay moun nan zòn ki viktim yo e yap tann demand ofisyèl nan men gouvènman ayisyen yonpou yo fè sa.

Nan yon nòt pou laprès Sekretè Jenerak Nasyon zini an, António Guterres di litris lè li aprann trajik ensidan sa ki rive ann Ayiti kote moun pè`di la vi yo ak lòt soti blese nan tranblemandtè ki rive nan Nòdwès peyia 6 oktòb 2018 la.

Tranblemandtè a ki frape peyi samdi swa nan Pòdepè ki sou kot Nò Ayiti lakoz 11 moun mouri ak plis pase 100 lòt blese. Moun te santi soukous yo nan kapital ayisyèn nan Pòtoprens ak nan vwaziniaj peyi panyòl Repiblik Dominikèn e alès Kiba.

Nan Nòt pou laprès la, chèf Nasyon Zini an prezante kondoleyans li bay fanmi viktim yo ak gouvènman aysiyen an.

" Nasyon Zini kanpe e prè pou sipòte gouvènman Ayiti a nan jefò pou ede viktim yo."

Not la fini pou l di se pi gwo tranablemandtè ki frape Ayiti depi apre gwo gwoudougwoudou 7, 3 12 janvye 2010 ki te afekte plis pase yon milyon moun.

Depite Ameriken Frederica Wilson ekri yon nòt pou eksprime senpati l ak viktim tranblemandtè 6 oktòb yo tou. Nòt la di:

"Se depi nan tan lontan, Ayiti ap andire yon seri dezas natirèl. Sak te pi terib la se te tranblemandtè 2010 la ki touye prèske 300 mil moun. Sa gen 2 zan, depi siklòn Matthew te frape zile Karayib la ki lakoz 600 moun te pèdi lavi yo, ak destriksyon wout ak endistri akrikòl yo tankou jaden ke anpil moun fè pou yo nouri fanm yo.

Dènye tranblemandtè sa a, byen ke nourekonèt li pa fè twòp dega, se yon evenman malere ki fè Ayiti fè bak ankò, yon peyi kap eseye si la fè kèk pa ann avan e ki reyèlman nan bezwen ak nesesite tout sa li ta ka jwenn.

Mwen enkyè, dènye dezas sa a kapab vin mete plis lane sou kantitan tan nasyon sila a bezwen pou rekanpe sou 2 pye li, efò lap fè depi dezas natirèl avan yo ak lòt sikonstans lòm kreye.

Nan moman Etazini ap konsidere mete fen nan Estati Pwoteksyon Tanporè, TPS pou sitwayen ayisyen kap viv legalman e travay isit Ozetazini, se yon mezi ki enpridan ak inimen. Haiti ap goumen pou rekonstui e kontribisyon moun ki gen TPS yo voye jak sou ann Ayiti enpòtan nan efò sa a.

XS
SM
MD
LG