Accessibility links

Breaking News

Madam Helen Meagher La Lime Nome Reprezantan Nasyon Zini ann Ayiti


Madam Helen Meagher La Lime. Foto achiv: Sit wèb Depatman Deta Ameriken.
Madam Helen Meagher La Lime. Foto achiv: Sit wèb Depatman Deta Ameriken.

Sekretè Jeneral Nasyon Zini an António Guteres anonse mèkredi premye out 2018 la chwa Madam Helen Meagher La Lime kòm reprezantan espesyal Nasyon Zini ann Ayiti. Madam La Lime pral ranplase Susan D. Page nan tèt Misyon Nasyon Zini pou Jistis ak Sipò ann Ayiti, (MINUJUSTH). Sekretè Jeneral António Guteres, nan okasyon an, remèsye madam Page pou sèvis li ak bon travay li nan tèt MINUJUSTH.

Madam Helen Meagher La Lime se yon diplomat de karyè. Li te travay pandan yon bon bout tan nan Sèvis Afè Etranjè Etazini kòm diplomat wo nivo. Dènye pozisyon li okipe se te Anbasadè Etazini nan Angola soti nan ane 2014 pou rive nan an 2017. Anvan sa, Madam La Lime te ranpli wòl direktris misyon Sansibilizasyon Piblik Kòmandaman Etazini pou Afrik ki baze nan peyi Almay, soti nan ane 2011 pou rive an 2013.

Madam La Lime te ranpli plizyè lòt wòl nan Depatman Deta Ameriken tankou: Chèf misyon adjwen nan Anbasad Etazini ann Afrik di Sid soti nan ane 2008 pou rive an 2011; Kosil Jeneral Etazini nan Cape Town (2006-2008); anbasadris ameriken nan Mozambik (2003-2006).Chèf misyon adjwen o Mawòk (2001- 2003); e an Tchad (1996 a 1999); Madam La Lime te jwe wòl direktris adjwen biwo afè afriken nan Depatman Deta Ameriken soti nan ane 1999 rive N 2003.

Madam La Lime gradue nan National Defence University, Inivèsite pou Nasyonal Defans nan Washignton DC e li te dekowche yon diplòm nan Lang ak Lengistik nan Georgetown University ki twouve l tou nan menm lokalite a. Akote lang Anglè, Madam pale Fransè, Panyòl ak Pòtigè, trè byen.

XS
SM
MD
LG