Accessibility links

Breaking News

Peyi Katar Ofri yon Milyon 500 Mil Dola pou Kore Lit kont Epidemi Kolera ann Ayiti


Viktim epidemi kolera ki t ap resevwa tretman nan yon sant kolera nan vil Anse D'Hainault, ann Ayiti. (Foto: 11 oktòb 2016).
Viktim epidemi kolera ki t ap resevwa tretman nan yon sant kolera nan vil Anse D'Hainault, ann Ayiti. (Foto: 11 oktòb 2016).

Nouvèl ki sòti nan vil Doha, kapital peyi Katar, fè konnen Siltan Ahmed Al-Aseeri, ki se administratè pwogram Qatar Fund For Development (QFFD), avèk Madam Jennifer Topping, kowòdonatris Repons Nasyonzini kont Kolera ann Ayiti-MPTF(UN Haiti Cholera Response MPTF) te mete paraf yo anba yon dokiman ki rele “Standard Administrative Arrangement” ou yon “Aranjman Administratif Modèl” ki anonse yon kontribisyon 1,500,000.00 (yon milyon 500 mil dola) pou pwogram lit pou eliminasyon kolera ann Ayiti.

Nan yon nòt Radyo Metwopòl (Radio Métropole) pibliye sou paj web li, nou li sa n ap rapòte la a:

<<Pa tèlman gen anpil peyi ak patnè entènasyonal ki mobilize fon-lajan aprè l’ONU te lanse apèl pou l mande yon ranfòsman lit pou eliminasyon kolera nan Peyi d Ayiti. Jiskaprezan Fon Katar pou Devlopman an (QFFD) reprezante 2èm pi gwo kontribitè pou pwogram nan aprè Repiblik Kore.

Viktim kolera ki te rive chape anba epidemi an e ki t ap pwoteste kont Misyon Mentyen Lapè l'ONU an ann Ayiti devan katye jeneral l'ONU an nan Pòtoprens, jedi 15 oktòb 2015.
Viktim kolera ki te rive chape anba epidemi an e ki t ap pwoteste kont Misyon Mentyen Lapè l'ONU an ann Ayiti devan katye jeneral l'ONU an nan Pòtoprens, jedi 15 oktòb 2015.

<<Pandan mwa ki fèk pase yo, otorite medikal yo ann Ayiti te rapòte epidemi kolera a te ralanti sou kous li nan divès rejyon peyi a. Anpil aktè ap patisipe nan yon konba konsènan “vilgarizasyon” prensip ijyèn yo ak desizyon pou okipe malad yo. Nan moman Prezidan Jovnèl Moyiz te pran lapawòl sou tribin Asanble Jeneral l’ONU an, li te ensiste sou nesesite pou patnè konsène yo rapouswiv pwojè k ap chache elimine epidemi an. Nasyon Zini te rekonèt responsablite moral li nan sa k te fèt pou pote epidemi kolera a ann Ayiti.>>

LLM / Radio Métropole Haïti

XS
SM
MD
LG