Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Rate Gaz la Gen Konsekans Negatif sou Sektè Sante a


Moun nan Pòtoprens kap tann yon ponp gazolin relouvri pou yo ka achte gaz. Foto: Achiv 11 avril 2008.REUTERS/Eduardo Munoz (HAITI)
Moun nan Pòtoprens kap tann yon ponp gazolin relouvri pou yo ka achte gaz. Foto: Achiv 11 avril 2008.REUTERS/Eduardo Munoz (HAITI)

Gouvènman ayisyen an rankontre sendika transpò pwodui petwolye yo mèkredi 4 septanm nan ak objektif pou konvenk yo rekòmanse alimante mache lokal la. Chofè yo te sispann travay pou rezon sekirite.

Desizyon sa a gen enpak sou sektè sante a akoz plizyè lopital anonse difikilte yo genyen pou yo fonksyone. Lameri Pòtoprens anonse li sispann ranmase fatra ann atandan yo jwenn gazolin pou mete nan kamyon yo.

Manifestasyopn dewoule nan plizyè vil peyi a pou pwoteste kont rate gazolin sou mache nasyonal la. Dènye nouvèl yo fè konnen jiska madi 3 septanm nan yon galon gazolin t ap vann jiska mil (1000) goud. Sekretè deta kominikasyon an Eddy Jackson Alexis anonse gaz la disponib.

XS
SM
MD
LG