Premye sitwayen aysiyen an vizite sid peyi a kote li pwomèt pou l repare wout ak kay epi netwaye kanal irigasyon yo. Korespondan Lavwadlamerik Jean Hernst Eliscar gen deklarasyon chèf leta a fè nan vil Okay pandan weekend nan.
Klike sou lyen odyo a pou w tande deklarayon Prezidan Moïse la.
Yon lòt kote, gouvènman ayisyen an atravè Ministè Planifikasyon siyen yon akò Kad Devlopman Dirab ak Nasyon Zini vandredi 30 jen 2017 pase a. Korespondan Lavwadlamerik Orpha Dessources rapòte dokiman sa a gen ladan li 5 aks estratejik ki pral ede peyi a atenn Objektif Devlopman Dirab yo.
Klike soul yen odyo a pou w tande repòtaj Orpha a.
Pi lwen toujou, responsab elektoral yo ann Ayiti òganize yon atelye travay ak gouvènman lokal yo pou pale sou wòl yap gen pou jwe nan eleksyon endirèk yo dapre korespondans Lavwadlamerik Jean Christophe Collegue depi vil Mibalè.
Klike sou odyo a pou w tande repòtaj Jean Christophe College la.