Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Lapolis Anonse yo Blese ak Bal Prezime Chèf Gang Arnel Joseph


Pòt pawòl adjwen Lapolis Dayiti (PNH), Gary Desrosiers.
Pòt pawòl adjwen Lapolis Dayiti (PNH), Gary Desrosiers.

Lapolis anonse yo blese ak bal chèf gang Arnel Joseph epi touye yon asosye l pandan yon operasyon fòs de lòd yo mennen nan yon lokalite nan Latibonit kote Arnel Joseph otorite yo akize kòm bandi refijye l.

Chèf gang la chape gentan kraze rak malgre li blese. Yon medya nan kapital la demanti nouvèl la lè l presize prezime bandi a pat blese ak bal men pito nan yon aksidan sikilasyon e asosye l la pa mouri.

Pòt pawòl adjwen polis Nasyonal la, enspektè prensipal Garry Desrosiers, yon lòt kote nan yon rankont li fè ak laprès nan aprè midi Madi 30 avril la prezante plizyè zam ak ekipman yo sezi nan zòn kote defen prezime chèf gang Tije te fè baz li.

XS
SM
MD
LG