Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Konsiltasyon Kòmanse ant Egzekitif la ak Lòt Sektè sou Chwa Premye Minis la


Prezidan Jovenel Moïse (adwat) ak Premye minis enterimè a Jean Michel Lapin (agoch) nan Palè Nasyonal, 21 mas 2019.
Prezidan Jovenel Moïse (adwat) ak Premye minis enterimè a Jean Michel Lapin (agoch) nan Palè Nasyonal, 21 mas 2019.

Prezidan chanm depite ayisyen an Gary Bodeau, ki te rankontre laprès madi 26 mas 2019 la, deklare konsiltasyon pou chwa yon nouvo premye minis ap fèt ant 2 pati yo dapre konvèzasyon li te genyen ak chèf leta a Jovenel Moise.

Depite Delmas a presize chèf leta a ap kòmanse seri konsiltasyon yo ak pati politik yo, sosyete sivil la pou degaje pwofil nouvo chèf gouvènman an. Apre rankont sa yo chèf leta a ap chita ak prezidan 2 chanm yo pou diskite sou chwa pwochen chèf gouvènman an.

Sepandan dapre sa yon medya an liy ann Ayiti rapòte, Prezidan sena a Carl Murat Cantave fè konnen chèf leta a, Jovenel Moïse poko kontakte li nan kad konsiltasyon pou chwa premye minis la.

Tout fwa, Mesye Cantave swete chwa pwochen premye minis la ap yon moun ki kapab kreye travay, epi mete yon klima nan peyi a kote tout ayisyen kapab viv byen ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG