Accessibility links

Breaking News

Avoka Kolobyen Palacios Mande Kou Siprem Jamayik Lage Misye Tou Swit


Foto Achiv: Sispek yo an koneksyon ak asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise pandan yon konferans pou lapres nan katye jeneral PNH nan Potoprens, 8 Jiye, 2021.
Foto Achiv: Sispek yo an koneksyon ak asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise pandan yon konferans pou lapres nan katye jeneral PNH nan Potoprens, 8 Jiye, 2021.

Dapre yon atik ki parèt nan jounal Jamaica Gleaner nan peyi Jamayik, avoka prezime mèsenè Kolonbyen Mario Antonio Palacios Palacios yo mande Kou Siprèm Jamayik la pou lage misye san pèdi tan.

Dapre atik la Palacios plenyen pou di - pa l'entèmedyè avoka li yo ke detansyon ni nan prizon sekirite maksimom Horizon Adult Remand Centre la nan vil St. Andrew se yon bagay ilegal.

Demann nan fèt pandan yon sesyon espesyal tribinal la te fè lavèy Nwèl la, pou tande aplikasyon "habeas corpus" avoka Palacios la, Carolyn Cameron QC prezante devan tribinal la.

Avoka gouvènman Jamayiken an opoze aplikasyon an, e yo fè konnen otorite Ayisyen yo voye ba yo Jedi, yon dezyèm demann ekstradisyon pou Palacios.

Yo mande tribinal la ba yo tan pou egzaminen demann ekstradisyon Ayiti a pou detèmine si li reponn standa legal yo.

Polis Nasyonal Ayisyen an, PNH pibliye yon avi arestasyon pou Palacios, antanke prezime konplis nan asasina Prezidan Jovenel Moise 7 Jiyè pase a.

Lapolis peyi Jamayik te arete Palacios 8 Oktob ane sa a, yon ti tan apre li te debake sou zile a san dokiman. Li admèt sa devan tribinal ki te kondane'l epi pase lod pou'l peye yon amann $8,000 oubyen aksepte pou'l fè 5 jou prizon.

Palacios deklare nan dokiman ofisyèl li voye bay tribinal la ke li chwazi pou'l fè 5 jou prizon paske li pa gen lajan pou peye amann nan.

Avoka misye, Madan Cameron, plenyen pou di santans kliyan li an ekspire 21 Oktob pase a e ke Anbasad peyi Kolonbi prepare dokiman pwovizwa pou'l ka vwayaje tounen nan peyi natif natal li.

"Nou mande tribinal la pou'l pase lod pou lage Misye Palacios. Pa kontinye kenbe li nan prizon ilegalman," Mèt Cameron deklare.

Kou Siprèm nan, ki sitye nan vil Kingston, ap egzaminen dosye a.

XS
SM
MD
LG