Accessibility links

Breaking News

Joverlein Moïse: "Gouvènman Ayisyen an Refize Kolabore pou Fasilite Ekstradisyon Samir Handal"


Joverlein Moïse et son pere
Joverlein Moïse et son pere

Sou instagram premye pitit gason defen Prezidan Jovenel Moïse la Joverlein Moïse di ke li aprann ke gouvènman aktyèl ayisyen an refize kolabore ak Latiki pou fasilite ekstradisyon Samir Handal ke la jistis alizé kom kwa li ta patisipe nan asasina prezidan an..

Dapre Joverlein Moïse, rete sèlman 25 jou, pou ke otorite ayisyen yo bay otorite Tik yo dokiman ki nesesè pou ekstradisyon Samir Handal. Gouvènman an pa pran okenn aksyon pou mennen Handal tounen bay lajistis ayisyen an pandan jou yo ap pase, tan an ap pase.

Pitit gason Jovenel Moïse pale tou de Kolonbyen Palacios Palacios ke otorite nan Jamayik te arete. Dapre Jorvelein gouvènman Ariel Henry a pa pran okenn dispozisyon pou rekipere Palacios epi mete l disponib pou lajistis.

Otorite nan peyi Latiki te arete Samir Handal 16 novanm 2021. Se sou yon avi rechèch Interpòl ke yo te arete Handal, li te gen pou pase 40 jou nan yon prizon nan Istanboul sou òdonans Ministè Jistis peyi a.

XS
SM
MD
LG