Accessibility links

Breaking News

Ayiti ap Diskite ak Jamayik sou Ekstradisyon Yon Sispèk Kle nan Asasina Prezidan Moise la


Foto Achiv: Sispèk ki ta gen a revwa ak asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise pandan yon konferans pou laprès nan katye jeneral PNH la nan Pòtoprens, 8 jiyè, 2021.
Foto Achiv: Sispèk ki ta gen a revwa ak asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise pandan yon konferans pou laprès nan katye jeneral PNH la nan Pòtoprens, 8 jiyè, 2021.

Minis Afè Etranjè ayisyen an, Claude Joseph, pibliye yon mesaj lendi swa sou kont Twitter li kote li di li te gen yon rankont avèk kolèg jamayikèn lia, Kamina Smith, pou yo te abòde posiblite "transfè Palacios ann Ayiti" pou li konparèt devan lajistis.

Nan yon mesaj Minis Afè Etranjè ayisyen an, Claude Joseph, pibliye sou kont Twitter ofisyèl li a, li fè konnen li te rankontre ak tokay jamayiken li, Kamina Smith, pou yo te diskite sou arestasyon youn nan prensipal sispèk ki gen rapò ak asasina Prezidan Jovenel Moise la.


N ap raple ke yon sous polis nan Jamayik te konfime pou VOA Kreyòl, vandredi pase a, ke vrèman vre yo arete Mario Antonio Palacios Palacios, yon ansyen sòlda kolonbyen ki te eseye antre nan peyi a ilegalman. Li pa presize kijan egzakteman misye te antre nan Jamayik.

Daprè lapolis jamayikèn, yo mete sispèk la nan prizon apre li te konparèt nan yon tribinal ki jwenn li koupab deske li te antre nan peyi a san okenn dokiman vwayaj ni pyès idantite. Sous la te di VOA ke otorite Jamayik yo pran kontak ak Ayiti pou yo te abòde posibilite pou yo ta ekstrade Palacios.

Nan mesaj Minis Joseph la, ke li pibliye lendi swa sou Twitter, li di li diskite sou "transfè Palacios ann Ayiti" pou li konparèt devan lajistis.

N ap raple tou ke Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) deja arete plis pase 40 moun nan kad ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moise la -pami yo gen 18 ansyen sòlda kolonbyen, kèk ayisyen-ameriken avèk 4 manm PNH.

Otorite ayisyen yo toujou gen yon manda d'arè dèyè Joseph Badio, yon ansyen responsab ministè lajistis ak ekip anti-kowipsyon gouvènmantal la (Unite de Lutte Contre La Corruption, ULCC); nan mwa me pase a, li te jwenn revokasyon l pou "rezon etik" otorite yo pa presize.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG