Accessibility links

Breaking News

Ankèt sou Asasina Prezidan Jovenel Moise - Lapolis Jamayik Mete Men sou Yon Sispèk Kolonbyen


Prezidan Jovenel Moise anvan li te tonbe anba bal asasen.
Prezidan Jovenel Moise anvan li te tonbe anba bal asasen.

Kolonbyen sa a, ki ta rele Mario Antonio Palacios Palacios, te antre nan peyi vwazen an san dokiman vwayaj ni pyès idantite; se sa k te leve sispisyon otorite yo ki kontinye ap mennen ankèt sou afè a.

Yon sous nan lapolis peyi Jamayik di VOA Kreyol, nan apremidi jounen vandredi a, ekip anti-teworis peyi a arete yon sispèk kolonbyen yo kwè ta enplike nan asasina Prezidan Jovenel Moise la. Daprè menm sous la, kolonbyen sa a, ki ta rele Mario Antonio Palacios Palacios, te antre nan peyi vwazen an san dokiman vwayaj ni pyès idantite; se sa k te fè otorite yo sispèk misye e yo kontinye ap mennen ankèt sou afè a.

Polis Nasyonal d Ayiti, PNH, te lanse yon avi-d-rechèch dèyè Palacios 12 jiyè pase a. Kèk foto misye - pami yo gen youn kote li gen inifòm militè sou li- fè pati avi PNH pibliye sou kont TWITTER ofisyèl li.

PNH prezante Palacios Palacios kòm yon moun ki "trè danjre".

Lapolis Jamayik fè konnen sispèk la deja konparèt devan yon tribinal pi devan semèn sa a kote yo jwenn li koupab deske li te antre nan peyi a ilegalman e san dokiman. Kounye a, y ap eseye verifye idantite li; pou yo fè sa, yo pran kontak ak sa yon otorite lapolis nan Kingston rele "patnè entènasyonal yo". Responsab la di VOA Interpol lanse aktyèlman yon "alèt wouj" dèyè Palacios.

Moun poko konnen si Jamayik pral ekstrade sispèk la ann Ayiti oubyen nan Kolonbi, oubyen ankò nan yon lòt peyi. Sa pral depann de nasyonalite misye epi de ki akò ekstradisyon Jamayik genyen ak peyi sa a.

Nap raple ke Polis Nasyonal d Ayiti deja arete plis pase 40 moun nan kad ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moise la- pami yo gen 18 ansyen sòlda kolonbyen, kek ayisyen-ameriken epi 4 manm PNH.

Otorite Ayisyen yo toujou gen yon manda d'are dèyè Joseph Badio, yon ansyen responsab ministè lajistis ak ekip anti-kowipsyon gouvènmantal la (ULCC); nan mw me pase a, li te jwenn revokasyon l pou "rezon etik" otorite yo pa presize.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG