LVIV, IKREN —
Misil Ris yo pilonnen yon baz militè nan wès Ikrèn. Gen 35 moun ki mouri. Atak la Dimanch te sible yon enstalasyon ki te sè kòm sant kowoperasyon ant Ikrèn ak peyi manm LOTAN yo ki apiye fòs defans Ikrenyen an.
Atak la make tou yon entansifikasyon nan ofansiv Moskou a nan moman lap goumen pi pre frontyè La Poloy.
Atak ki lanse pre konsa ak teritwa yon peyi manm LOTAN ogmante kè sote dèske La Risi taka trennen alyans la nan konba a. Analis yo di konfli a chaje ak senbolizm epi re-bay animosite ant ansyen rival Lagè Frèt yo epi menase re-ekri lòd sekirite global ki egziste kounyea.