Accessibility links

Breaking News

Ankèt Wot Kou Entènasyonal Jistis sou Posib Krim de Gè nan Ikrèn


Ira Gavriluk kenbe chat li pandan lap mache bo kote kadav mari li, fre l ak yon lot neg ke yo touye devan kay li nan Bucha, yon banlye Kyrev, Ikren, Lendi 4 Avril 2022.
Ira Gavriluk kenbe chat li pandan lap mache bo kote kadav mari li, fre l ak yon lot neg ke yo touye devan kay li nan Bucha, yon banlye Kyrev, Ikren, Lendi 4 Avril 2022.

Tribinal Entènasyonal Jistis la fè konnen lendi pou la premyè fwa li pral fè pati yon ekip plizyè nasyon pou mennen ankèt pou konnen si Larisi komèt krim de gè pandan envazyon li te kòmanse nan Ikrèn sa gen 2 mwa.

Komisè Jeneral tribinal la, Karim Khan, ak komisè gouvènman peyi Lityani, Polòy ak Ikrèn siyen yon akò pou yo mennen ankèt la ansanm, dapre yon anons ki sòti nan Ajans Inyon Ewòp la pou Kowoperasyon nan Jistis Kriminèl (Eurojust). Menm ajans la presize nan anons la:

“Avèk akò sa a, pati yo voye yon siyal klè pou di yo pral fè tout efò pou rasanble, avèk efikasite, prèv sou krim entènasyonal ki ta fèt nan Ikrèn epi fè responsab yo konparèt devan lajistis.”

Dapre Nasyonzini, rive nan mitan mwa davril la anviwon 2 mil sivil ikrenyen te mouri ansasinen. Larisi rejte pawòl k ap di li atake sivil.

XS
SM
MD
LG