Accessibility links

Breaking News

Moskou di li Elimine on Dron Ikrenyen


Switchblade Drone
Switchblade Drone

Otorite lokal yo di ke Lawisi te tire sou 2 dron Ikrenyen toupre fwontyè a Lendi.

Gouvènè rejyon Kursk Romain Starovoit te di sou Telegram, "Defans anti-avyon Ris la te tire sou 2 dron Ikrenyen jodi a a 4:15 a.m. (01:15 GMT)" nan distri Rylsk ki sou fwontyè ak peyi Ikrèn.

Anons sa a vini yon ti tan apre otorite Ris yo te rapòte dife pran nan yon gwo depo gaz nan yon vil Ris ki a 150 km ak fwontyè a. Depo sa yo te sèvi kòm baz lojistik pou ofansif militè Moskou a. Larisi pa t presize lakoz dife sa a.

XS
SM
MD
LG