Accessibility links

Breaking News

La Gè Ikrèn nan Depase 60yèm Jou


ក្មេងប្រុសម្នាក់ឈរនៅក្បែររថយន្តដែលត្រូវបានបំផ្លាញនៅមុខអគារលំនៅដ្ឋានមួយ នៅទីក្រុងកំពង់ផែ Mariupol ប្រទេសអ៊ុយក្រែន ថ្ងៃទី ២៤ ខែមេសា ឆ្នាំ ២០២២។
ក្មេងប្រុសម្នាក់ឈរនៅក្បែររថយន្តដែលត្រូវបានបំផ្លាញនៅមុខអគារលំនៅដ្ឋានមួយ នៅទីក្រុងកំពង់ផែ Mariupol ប្រទេសអ៊ុយក្រែន ថ្ងៃទី ២៤ ខែមេសា ឆ្នាំ ២០២២។

Lagè a antre nan twazyèm mwa li, pandan batay te kontinye Dimanch nan lès ak nan sid peyi a.

Kharkiv (nan nòdès), dezyèm pi gran vil Ikrèn, te toujou "pasyèlman bloke", dapre nouvèl yo. Lame Ris la kontinye onbade vil la , daprè chèf d'eta majo lame Ikrenyen an.

Lame Ris la, bò kote pa l, te di li lanse atak ak misil kont 9 sib militè Ikrenyen, ki gen ladann 4 depo minisyon nan rejyon sid Kharkiv la. Moskou te di tou li te fè atak ayeryen kont 26 sib, ak 423 atak atiri.

Nan basen Donbass la, twoup Ris yo te "entansifye ofansif yo" nan twa direksyon, dapre kyiv: Severodonetsk, kapital defakto rejyon Lugansk ki anba kontwòl Ikrèn, Popasna, apeprè senkant kilomèt pi lwen nan sid la, ak Kurakhikva, toupre Donetsk.

XS
SM
MD
LG