Accessibility links

Breaking News

Jounen Latè a Ankouraje Biznis yo Pratike yon Politik Vèt


Foto Achiv: Yon kiltivate te nan Kenscoff, Ayiti, 21 Jiye, 2021.
Foto Achiv: Yon kiltivate te nan Kenscoff, Ayiti, 21 Jiye, 2021.

Washington - Chak ane, 22 avril se Jounen Mondyal Latè. Se yon jou kote moun rasanble pou yo atire atansyon sou pwoblèm anviwonnman an ap konfwonte. Ane sa a responsab yo fikse atansyon yo sou nesesite pou moun akselere tranzisyon k ap debouche sou yon ekonomi pwospè ki pwoteje lanati (yon ekonomi vèt).

Pandan jounen an –ki rele tou Jounen Entènasyonal Manman Lanati- anviwon yon milya moun nan 190 peyi patisipe nan aktivite ki gen ladan yo souvan plante pyebwa, wete fatra ki atè ak nan dlo epi fè edikasyon moun sou anviwonnman an.

Nan moman chanjman klimatik yo okipe yon plas enpòtan nan pwogram mondyal sou anviwonnman an, Jounen Mondyal Latè a santre atansyon an ane sa a sou aspè biznis objektif la: envesti nan planèt la. Plis biznis dwe patisipe nan efò pou pwoteje planèt la, espesyalman pou konbat chajman klimatik yo, daprè òganizasyon charite Earthday.org ki baze nan Washington, D.C.

Sou sitweb Earthday.org, nou ka li: “Konpayi ki entèlijan yo ap dekouvri ke yo pa gen chwa ankò ant pratike yon politik vèt epi fè pwofi alontèm – yon politik dirab se wout ki mennen nan pwosperite a.”

XS
SM
MD
LG