Accessibility links

Breaking News

Etazini Pwomèt Plis Ed pou Ikrèn


Sekretè Defans Etazini Lloyd Austin ak Sekretè d'Eta Antony Blinken pandan yon koze ak jounalis yo nan Poloy, tou pre frontyè Ikrèn, Lendi 25 Avril, 2022.
Sekretè Defans Etazini Lloyd Austin ak Sekretè d'Eta Antony Blinken pandan yon koze ak jounalis yo nan Poloy, tou pre frontyè Ikrèn, Lendi 25 Avril, 2022.

Apre yon vizit sekrè nan kapital Ikrèn nan, Sekretè d'Eta Ameriken an Antony Blinken deklare la Risi echwe nan lagè li a e "Ikrèn ap genyen."

Vwayaj Blinken ak Sekretè Defans Lloyd Austin fè nan Ikrèn se vizit pi wo plase Ameriken ki fèt nan Kyèv depi La Risi anvayi peyi a nan fen mwad Fevriye a.

Blinken ak Austin di Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy ak konseye li yo ke Etazini pral voye plis pase $300 milyon dola asistans militè etranje bay peyi a e ke li apwouve $165 milyon dola minisyon.

Prezidan Joe Biden anonse tou, nominasyon yon diplomat veteran ki rele Bridger Brink, kom anbasadè Ameriken nan Ikrèn.

XS
SM
MD
LG