Accessibility links

Breaking News

Inyon Ewopeyen Mande Yon Koridò Imanitè nan Ikrèn


EU Council President Michel and Ukraine's President Zelenskiy hold a meeting in Kyiv
EU Council President Michel and Ukraine's President Zelenskiy hold a meeting in Kyiv

Prezidan Konsèy Ewopeyen an, Charles Michel, ki reprezante eta manm Inyon Ewopeyen yo, te mande Prezidan Ris Vladimir Putin nan yon entèvyou telefòn Vandredi pou garanti koridò imanitè nan Mariupol nan okazyon Pak Otodòks la.

Bò kote pa l, Legliz Otodòks Ikrenyen anba Patriyacha Moskou pwopoze pou òganize yon pwosesyon Pak nan vil Mariupol ki sènen yo pou yo ka evakye sivil ak sòlda ki blese yo.

Plizyè koridò imanitè nan vil sa a te anile nan dènye minit. Pa gen okenn koridò evakyasyon pou sivil yo pou kounyea, dapre Premye Minis adjwen Ukrenyen Iryna Vereshchuk. Li di yo jije sitiyasyon an twò danjere.

XS
SM
MD
LG