Accessibility links

Breaking News

Diplomat Ameriken Kòmanse Retounen nan Ikrèn


Anbasad Etazini nan vil Kyèv, nan peyi Ikrèn, Samdi 12 Fevriye, 2022.
Anbasad Etazini nan vil Kyèv, nan peyi Ikrèn, Samdi 12 Fevriye, 2022.

Diplomat ameriken pral retounen semèn sa a nan Ikrèn, tandiske Lèzetazini pral voye plis asistans militè pou ede efò Ikrèn ap fè nan lagè kont Larisi a, nan moman kèk otorite ameriken wo plase pran angajman, lendi 25 avril la, pou yo kontinye sipòte Ikrèn epi ankouraje lòt peyi pou yo pote kontribisyon pa yo tou.

Sekretè Deta Antony Blinken, ki t ap pale ak jounalis nan Polòy apre yon vizit nan Kyèv ansanm ak minis defans ameriken an, Lloyd Austin, fè konnen pandan Larisi ap kraze-brize kèk pati nan Ikrèn, “Ikrenyen yo rete kanpe fèm e y ap fè sa avèk apui ke n ap kowòdone e k ap sòti jeneralman toupatou atravè lemond.”

Blinken ajoute ke li menm ak Minis Austin te rankontre ak Prezidan ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy, epi lòt otorite nan Kyèv pandan anviwon 3 èdtan pou demontre apui Lèzetazini epi tande nan bouch Zelenskyy menm kisa peyi li bezwen pandan konfli a ap kontinye devlope. Blinken deklare:

“Nou vle fè tout sa n ka fè pou n ede Ikrenyen yo mete fen nan sa nan pi bon kondisyon pou yo e osi vit ke posib.”

Biwo Prezidan Zelenskyy a fè konnen lendi diskisyon yo te abòde, antwòt, garanti sekirite plis asistans defans ak èd finansye pou Ikrèn. Nan yon deklarasyon gouvenman ikrenyen an pibliye, li mete anpil aksan sou ranfòsman sanksyon yo kont Larisi. Zelenskyy di:

“Nou byen konprann kisa pwochen etap la sou dosye sa a ta dwe ye; e nou konte sou sipò patnè nou yo.”

XS
SM
MD
LG