Accessibility links

Breaking News

Analis Franse yo Predi Santris Macron yo Pral Mentni Majorite yo nan Palman an


Prezidan Franse Emmanuel Macron kite biwo vot kote li sot vote nan premye tou eleksyon palmante peyi La Frans la, nan Le Touquet, rejyon no la Frans, Dimanch 12 Jyen 2022.
Prezidan Franse Emmanuel Macron kite biwo vot kote li sot vote nan premye tou eleksyon palmante peyi La Frans la, nan Le Touquet, rejyon no la Frans, Dimanch 12 Jyen 2022.

Alyans santris Prezidan Franse a Emmanuel Macron an gen anpil chans pou l kenbe majorite li nan palman Franse a apre premye tou eleksyon yo Dimanch, men pwobableman li pap kontwole otan syèj ke jan sa te ye sa gen 5 an desa.

Dapre pwojeksyon ki baze sou rezilta pasyèl, pati Macron an ak alye li yo ranpote ant 25 ak 26% vwa yo Dimanch nan nivo nasyonal. Maj ant yomenm ak nouvo kowalisyon gochis la te sere-sere.

Sepandan, kandida Macron yo, dapre analis yo gen anpil chans pou yo ranpote la viktwa nan plis distri pase rival gochis yo.

Plis pase 6,000 kandida te poze kandidati yo pou 577 syèj ki vid nan Asanble Nasyonal Fransèz la nan premye tou eleksyon an.

Pou kous ki pat gen yon gayan desizif Dimanch, 4 lot kandida va fè konpetisyon nan dezyèm tou eleksyon an 19 Jyen.

XS
SM
MD
LG