Accessibility links

Breaking News

Biwo Prezidans La Frans Pibliye Fòmasyon Nouvo Gouvènman an


French President Emmanuel Macron
French President Emmanuel Macron

Biwo prezidans la an Frans anonse jodi vandredi a fòmasyon nouvo gouvènman li a, e ke nouvo kabinè a ap reyini lendi.

Anons la fèt 4 jou apre Elizabeth Borne, minis pati travayis la nan ansyen kabinè a, te jwenn nominasyon l kòm premye fanm ki pwal dirije gouvènman franse a depi plis pase 30 lane.

Anpil moun t ap tann chanjman nan kabinè a apre re-eleksyon Prezidan Emmanuel Macron ann Avril pase e anvan eleksyon lejislatif yo ki pwal dewoule lòt mwa.

Macron ki se yon santris pwal bezwen yon majorite nan palman an pou pouse pwogram ni pou andan peyi a apre re-eleksyon li, pandan yon nouvo alyans nan goch la ak nan ekstrèm dwat la ap menase pou bloke pwogram li.

Dènye fi ki te premye-minis an Frans sete Edith Cresson, ki te dirije kabinè a pou yon ti bout tan, soti an Me 1991 pou rive ann Avril 1992, sou Prezidan François Mitterrand.

Anpil obsèvatè wè Borne, ki gen 61 lane, kòm yon moun ki kwè nan konesans, yon teknokrat, ki ka anplwaye pridans pou negosye ak sendika yo, lè prezidan an angaje nan yon nouvo pwogram refòm sosyal ki gen ladann ogmante laj pansyon, bagay ki ka deklannche pwotestasyon.

XS
SM
MD
LG