Accessibility links

Breaking News

Aktè Sidney Poitier Mouri


Foto Achiv: Akte Sidney Poitier nan Beverly Hills, Kalifoni, 2 Jyen 2008.
Foto Achiv: Akte Sidney Poitier nan Beverly Hills, Kalifoni, 2 Jyen 2008.

Sidney Poitier, aktè nwa Ameriken ki te kraze baryè e sèvi kòm enspirasyon pou sinefil yo mouri a laj de 94 zan. Poitier te transfòme fason yo te montre nwa yo nan film Ameriken e li te tounen pi ta premye nwa ki ranpòte yon pri Oscar pou meyè wòl maskilen. Film li te jwe yo te toujou popilè.

Pa gen anpil vedèt sinema ki te gen kalite enfliyans sa a ni sou gran ekran an ni nan vi prive yo.

Poitier, ki se pitit gason yon kiltivatè tomat nan Bahamas, okenn nwa pat gen yon karyè stab kòm aktè prensipal nan film ki baze sou cham ak talan sou gran ekran .

Anvan Poitier te fè pati yon ti gwoup aktè nwa ki te jwenn pèmisyon sèlman pou yo jwe wòl kòm domestik oubyen prezantatè spektak kap danse ak chante.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG