Accessibility links

Breaking News

Afghanistan: Men Sa Nou Konnen Apati 25 Out


Nan foto sa a ke fotograf Ko Merin Etazuni pran, fanmi ap mache nan direksyon avyon yo pandan evaksyasyon kap dewoule nan ayeropo entenasyonal Harmid Karzai la nan vil Kaboul, Afghanistan.
Nan foto sa a ke fotograf Ko Merin Etazuni pran, fanmi ap mache nan direksyon avyon yo pandan evaksyasyon kap dewoule nan ayeropo entenasyonal Harmid Karzai la nan vil Kaboul, Afghanistan.

Men denye devlopman yo depi Taleban an pran kontwol peyi Afghanistan

  • Prezidan Joe Biden di jefo Etazuni pou evakye tout Ameriken soti nan peyi a pral fini 31 Out. "Pi bone nou ka fini, se pi bon. Chak jou n'ap mennen operasyon lot bo a poze yon risk pou twoup nou yo," prezidan an deklare.

  • Mezon Blanch rapote Madi swa ke Etazuni evakye plis pase 70,000 moun soti Afghanistan depi 14 Out.

  • Manm La Chanm de Reprezantan pran avyon pou al Kaboul Madi san yo pat prevwa pesonn. Palmante Seth Moulton ak Peter Meijer fe konnen yo te vle egzaminen sityasyon an de pre, epi mete presyon sou Biden pou'l kenbe twoup Ameriken yo ann Afghanistan pi lontan.

  • Kore du Sud anonse li pral evakye 380 moun soti Afghanistan

  • Taleban an reje lide pou yo ta pwolonje dat limit Prezidan Biden fikse pou twoup Ameriken yo pati kite peyi a. Yon pot pawol di fok Etzazuni respekte dat li fikse a.

XS
SM
MD
LG