Accessibility links

Breaking News

Twoup Ameriken Taka Rete Afghanistan Apre 31 Out


Yon Marine Ameriken akonpaye anplwaye Depatman Deta ke y'ap evakye soti Kaboul, Afghanistan, 15 Out, 2021.
Yon Marine Ameriken akonpaye anplwaye Depatman Deta ke y'ap evakye soti Kaboul, Afghanistan, 15 Out, 2021.


Prezidan Joe Biden deklare Mekredi 18 Out la ke twoup Ameriken pral rete nan peyi Afghanistan juskaske yo finn evakye tout Ameriken ki ap viv nan peyi sa a, menm si sa vle di yo rete pi ta pase dat limit 31 Out li te fikse pou Etazuni rale ko li soti nan peyi sa a.

"Si gen sitwayen Ameriken toujou, nou pral rete juskaske nou ka evakye yo," Biden deklare nan yon entevyou li bay chen televizyon ABC.

Kek enfomasyon nan repotaj sa a soti nan ajans nouvel Reuters

XS
SM
MD
LG