Accessibility links

Breaking News

Etazuni Kontinye Evakye Moun Soti Afghanistan


Fanmi Etazuni evakye soti Kaboul, Afghanistan mache nan ayeropo entenasyonal Washington Dulles la, nan Chantilly, eta Vijini, 23 Out, 2021.
Fanmi Etazuni evakye soti Kaboul, Afghanistan mache nan ayeropo entenasyonal Washington Dulles la, nan Chantilly, eta Vijini, 23 Out, 2021.


Etazuni preske double kantite moun li evakye soti Afghanistan pandan 24 he ki sote pase yo nan moman lap eseye mete fen nan retre twoup li yo nan peyi sa a anvan dat limit Prezidan Joe Biden fikse a ki se 31 Out.

Responsab Depatman Defans la anonse Lendi yon total 16,000 moun kite ayeropo entenasyonal Hamid Karzai la nan vil Kaboul, kapital Afghanistan Dimanch ak Lendi, sou yon melanj 90 vol milite ak komesyal. Yo di majorite a - swa 11,000 moun kite peyi a nan avyon milite Ameriken.

"Nap egzaminen tout bagay de pre, " sekrete de pres Pantagon nan, John Kiriby di jounalis yo Lendi. Li fe remake objektif milite Etazuni se evakye ant 5,000 ak 9,000 moun pa jou.

Pi bone jodi lendi a, Mezon Blanch te fe konnen apepre 37,000 moun pati kite Afghanistan depi militan Taliban yo finn pran kontwol peyi a, apre gouvenman an, ke Etazuni te apiye te kraze, sa gen yon semenn de sa.

XS
SM
MD
LG