Accessibility links

Breaking News

Afghanistan: Men Sa Nou Konnen Jodia


Yon papa ak pitit li ap tann pou mone abo yon avyon milite ameriken C-17 kap evakye moun soti Afghanistan, 24 Out, 2021.
Yon papa ak pitit li ap tann pou mone abo yon avyon milite ameriken C-17 kap evakye moun soti Afghanistan, 24 Out, 2021.

Denye devlopman yo 26 Out, apre Taleban an finn pran kontwol Afghanistan.

  • Etazuni, Anglete ak Ostrali lanse avetisman pou li posib pou gen yon atak teworis kont ayewopo Kaboul la, kidonk moun ta fet pou kite zon nan, pa gonfle la e chache yon kote su pou y'al lage ko yo.
  • Mezon Blanch la fe konnen Etazuni evakye 95, 700 moun soti Afghanistan depi 14 Out. Sekrete Deta Antony Blinken di gen 1,500 Ameriken ki toujou nan peyi a.
  • Ongri, Beljik, Poloy rapote fen vol yo pou evakye sitwayen yo soti Afghanistan. La Frans fe konnen li atann ni aske denye vol li se pral Vandredi semenn sa a.
  • Vis Prezidan Ameriken Kamala Harris deklare jefo evakyasyon an "se yon misyon ki danjre e difisil men fok nou fini'l - Etazuni gen entansyon konplete misyon sa a jan nou kapab.
XS
SM
MD
LG