Moun ki rete nan sant peyi Chili ke tranbleman tè fin ravaje retounen machandiz ke yo te vòlè pou yo evite arestasyon, nan moman lapoplis ap fouye kay nan yon operasyon kont piyajè.
Otorite-yo fè konnen vòlè-yo remèt yon afè $2 milyon machandiz, pami yo mèb, machin a lave, televizyon ekran plat ak anpil lòt aparèy elektronik.
Ajans nouvel Associated Press rapòte ke prezidan-an, Madam Michelle Bachelet, kalifye piyaj-yo kom yon chòk segondè apre soukous trajik-la.