Chili dekrete twa jou dèy nasyonal pou temwaye respè li pou plizyè santèn viktim tranblemann'tè malouk ki devaste yon pati peyi sid-ameriken an 27 fevriye dènye a. Atravè tout repiblik chilyen an, otorite yo pase lòd pou drapo nasyonal la monte demi-ma pou salye memwa sila ki pèdi lavi yo nan soukous 8.8 ak tsunami ki te frape kèk rejyon Chili sa genyen yon semèn.
Responsab yo toujou ap eseye detèmine konben moun ekzateman ki peri nan katastwòf natirèl la. Gouvènman chilyen an bese chif 800 mò li te pibliy a pou mete l' a 452. Yo fè konnen yo va revize chif sa a sèlman apre yo va dekouvri e idantifye kadav yo moun ki "disparèt" yo.
Tranblemann'tè a kraze plizyè santèn milye kay e lage 2 milyon moun nan lari. Kondisyon sanitè yo koumanse moun kap viv nan lari yo kè sote. Responsab lasante yo tanmen yon kanpay vaksinasyon pou anpeche vye zòdis-maladi-akrekre gaye nan mitan popilasyon an. Yo vaksinen moun kap viv nan zòn sinistre yo kont maladi tetanos ak epatit.
Sekretè-jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon, te vizite sivivan yo samdi. Misye Ban di reskape yo "nou avè ou... kè nou avèk ou nan (lapenn nan) ".
Yon teleton pou ranmase fon pou viktim trajedi a pèmèt òganizatè yo resevwa pwomès pou 60 milyon dola−swa de fwa plis pase sa yo te espere. Plizyè nan pi gwo vedèt Latino-ameriken yo te patisipe nan evèman an ke chèn televizyon te retransmèt.