Accessibility links

Breaking News

Lame Amerikèn Voye Pèsonèl Medikal Nan Chili


Lame Amerikèn voye pèsonèl medikal nan peyi Chili pou ranfòse operasyon umanitè-yo apré tranbleman de tè 8.8 sou echèl riktè-a kite frape peyi Sud-Ameriken sa-a.

Komandman Sud Lezetazuni-an di gen 63 manb pèsonèl medikal epi yon afè de 84 parachutis ki prale o Chili. Yo pral pran pozisyon o sudès Concepcion, ki se vil ki te pi pre episant tranbleman de tè-a ki te souke kòt-pasifik Chili nan dat 27 Fevriye pas-e e ki te koze anpil dega.

XS
SM
MD
LG