Nouvo Prezidan konsèvatè Chili-a, Sebastian Pinera monte sou pouvwa-a nan moman yon seri lot gwo replik ap sakaje peyi-a, sa ki te bay anpil kè sote e yo te prese bay yon avi tsunami ke yo leve an’aprè.
Enstitu jeyolojik Etazuni-an fè konnen pi gwo replik-la te gen yon magnitude 6.9 e li te santre nan rejyon Libertador O’Higgins ki sou yon distans 145 kilomèt o sudwès capital-la, Santiago.
Se youn nan pi gwo sekous segondè ki frappe nasyon-an depi aprè tranbleman de tè ki te mezure 8.8 sou echèl riktè-a e ki touye apeprè 500 moun.