Yon gwo tranbleman de tè frape plizyè vilaj nan lès Turki (La Turquie) kote li kraze plizyè kay e touye omwen 57 moun. Otorite yo atann aske bilan sa a ogmante ofiramezi y'ap dekouvri kadav.
Plis pase 70 moun blese e y'ap resevwa swen nan lopital. Travayè imanitè ak sekouris turk ap distribye materyèl sekou e ap debleye pou eseye jwenn moun ki bloke anba debri kay-kraze. Men sekous segondè ap jennen travay yo.
Obsèvatwa Kandilli, nan Turki, fè konnen tranbleman de tè a te gen yon pisans 6,0 degre sou nechèl Richter a, e li frape pwovens Elazig, douvan jou jodi lendi a, a 4:32 a.m. lè lokal.