Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Sekous Latè 6.6 Frape Chili Vandredi 5 Mas la


Yon lòt gwo sekous segondè souke peyi Chili vandredi, preske yon semèn apre tranblemann'tè 8.8 ki jete dèy ak destriksyon nan nasyon sid-ameriken an.

Nan Concepcion, ki sibi plis dega nan katastwòf 27 fevriye a, plizyè rezidan kouri pran lari nan moman yon replik 6.6 souke ankò rejyon an.

Nouvèl yo poko rapòte viktim. Concepcion, se vil ki pi pre sant sekous samdi pase a. Depi dat sa a, peyi an sibi plizyè douzèn replik.

Antretan, anbasadè Chili nan Nasyonzini an deklare mouvman sismik semèn pase a koute ekonomi chilyen nan 30 milya dola e sa pral koute preske otan pou yo rebati peyi a.

Nan yon "point de presse' ak jounalis yo vandredi nan katye jeneral l'Onu an, nan vil New York, anbasadè Heraldo Muñoz di sektè agrikilti a ak endistri diven an (vin ) sèlman pèdi 280 milyon dola nan premye tranblemann'tè a. Li ajoute endistri lapèch la pran yon gwo kou tou akoz destriksyon plizyè vilaj-pechè.

Dichès York la, Sarah Ferguson, te asiste tou pwen'd près la pou demontre sa li rele angajman kominote entènasyonal la pou l' ede Chili. Li di mwa kap vini an, lap mennen avèk li nan nasyon anden an pou wè si ya ranmase lajan pou rebati peyi a.

Muñoz fè konnen genyen yon teleton kap tanmen vandredi pou rive samdi nan Chili pou kolekte fon pou efò sekou yo. Anbadasè Heraldo Muñoz di li kwè sekretè jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon, kap vizite Chili, ka patisipe nan evènman an.

Misye Ban te sipoze fè chita-pale vandredi nan Santiago ak prezidan Michelle Bachelet e ak prezidan-eli Sebastian Pinera, kap antre nan fonksyon li 11 mas. Mr. Ban dwe fè yon vizit tou nan Concepcion.

Ambasadè Heraldo Muñoz deklare genyen siy ki endike nasyon an koumanse ap "rekonèt li". Li kontinye pou l' di " kapital la, Santiago, ap mache preske nòmalman. Li fè remake sitiasyon an malouk toujou nan Concepcion, kote se 58 pousan gichè otomatik yo kap fonksyonen."

Jedi, Chili dekrete 3 jou dèy pou onore memwa viktim tranblemann'tè samdi pase a. Bilan ofisyèl la se 802 mò, men anbasadè a di chif sa a ka sibi yon bès paske nan kèk rejyon yo konte moun ki pa reponn alapèl pou moun mouri.

Prezidan Bachelet deklare sa ka pran omwen ant 3 ak 4 tran pou rebati peyi a.

XS
SM
MD
LG