Accessibility links

Breaking News

Bachelet: Rekonstruksyon Chili Pral Pran 3, 4 An


Prezidan Chilyen an Michelle Bachelet deklare jefo rekonstruksyon peyi Chili pral pran omwens 3 our 4 an, nan moman peyi a ap chache reprann ni apre tranbleman de tè puisan ki touye plis pase 800 moun.

Sekouris kontinye ap chache viktim pami debri bilding ki kraze yo, 5 jou apre tranbleman de tè ki gen yon puisans 8.8 sou nechèl Rikter la ak tsunami ki devaste kèk rejyon peyi a.

Lame Chili dispoze manje ak dlo pou reskape yo nan vil soukous la frape pi fo yo e yo rive frennen pi fo zak piyaj ki tap komet apre moun te gaye apre tranbleman de tè a.

Mekredi, 3 gwo ti-soukous oblije sitwayen Chilyen kap viv nan divès lokalite kouri pran laru, e genyen ki kite rejyon ki ba yo, pou yo monte sou mòn. 3 seyism sa yo te gen yon puisans 6.0 e yo te lakoz otorite yo te lanse avetisman nan vil Concepcion pou di sa kapab pwovoke yon tsunami.

Pi ta yo te anile avètisman an men sitwayen yo toujou pè pou lot seyism pa fape zon nan anko.

XS
SM
MD
LG