Accessibility links

Breaking News

Yon Gwo Replik 5.9 Lage Panik Nan Concepcion, O Chili


Yon kokenn sekous segondè ou replik kreye panik mèkredi nan mitan abitan vil Concepcion yo, 5 jou apre michan tranblemann'tè 8.8 ki pran lavi plis pase 800 kretyen-vivan nan peyi Chili samdi 27 fevriye a. Sèten pami moun kap viv nan Concepcion kouri al pran refij nan zòn pi wo nivo lanmè a apre sekous 5.9 la.

Concepcion, yon vil ki bay sou lakòt, se dezyèm pi gran vil nan nasyon anden an e l' pi pre sant sekous 8.8 ki fè anpil dega e deklanche yon tsunami nan rejyon sid Chili samdi pase.

Yon lòt kote, otorite yo dekrete yon kouvrefe 18 tè'd tan nan vil la. 14 mil sòlda pran pozisyon nan rejyon ki sibi plis dega pou mentni lòd e distribye èd imanitè yo. Kèk rezidan pran mezi pou yo bay tèt yo sekirite: yo metei pòs kontwòl sou wout pou kontwole tout moun kap antre nan katye yo.

Prezidan Michelle Bachelet deklare otorite yo pa pral tolere piyaj ni zak kriminèl. Li mande militè yo aji ak sa li rele "severite" ki nesesè pou anpeche krim.

Madam Bachelet mande popilasyon tou pou li rete kalm e travay ansanm pou rebati peyi a. Lidè chilyen an di plis pase 2 milyon bilding−pami yo 500.000 abitasyon−sibi dega nan tranblemann'tè a.

Madi, Sekretè Deta ameriken Hillary Clinton, pandan yon vire-won nan Amerik Latin nan, te rankontre ak preidan Bachelet nan ayewopò Santiago a pou diskite sou asistans Lèzetazini kapab bay Chili. Madam Clinton te pote 25 telefòn satellit kòm premye kontribisyon peyi li.

Prezidan Bachelet dekri kataklis la kòm yon sitiasyon urjans "san aparèy nan istwa Chili."

Tranbleman'n tè ki frape peyi sid-ameriken an klase pami 8 pi gwo tranblemann'tè yo janm anrejistre jiskaprezan nan lemond.

XS
SM
MD
LG