Accessibility links

Breaking News

Prezidan Chilyen An Pwomèt Pou'l Sere Boulon Moun Kap Komèt Zak Piyaj Yo


Michelle Bachelet deklare otorite yo pral mete fen nan zak piyaj ak vyolans kap dewoule nan vil Concepcion, ke tranbleman de tè a ravaje.

Prezidan Bachelet di jounalis yo Madi li pap tolere okenn zak kriminèl. Madan Bachelet pase lod bay twoup yo pou yo fè tout sa ki nesesè pou anpeche moun komèt zak piyaj ak lot krim nan peyi a. Prezidan an voye 10,000 solda nan rejyon tranbleman de tè a ravaje pou retabli lod la.

Otorite yo nan vil Concepcion - ki se dezyèm pi gran vil peyi Chili - pwolonje yon kouvrefe juska midi jodi Madi - nan kad yon efo pou kontwole zak piyaj ki pete lot bo a apre tranbleman de tè puisan Samdi pase a.

Zak piyaj sa yo te kontinye Lendi swa juska byen bonè Madi maten - nan moman kote sitwayen dezespere tap chache pwodui premye nesesite tankou manje ak dlo. Plizyè magazen ak komès boule epi devalize nèt.

Kominote entènasyonal la mobilize pou ede Chili.

XS
SM
MD
LG