Accessibility links

Breaking News

Chili Mobilize 10.000 Sòlda Pou Ede Operasyon-Sekou Yo


Prezidan Bachelet anonse lap depeche 10.000 sòlda nan plizyè rejyon Chili pou retabli lòd e ede nan relèvman peyi li. Lidè chilyen an anonse tou yon akò ak chèn sipèmache yo pou yo distribye manje gratis bay popilasyon zòn sinistre yo.

Dimanch, piyajè nan vil Concepcíon devalize magazen, vòlè manje ak aparèy elektwomenaje. Lapolis te oblije tire grenad lakrimojèn ak kanon dlo pou kwape yon bann dechèpiyè ki te antre nan yon makèt. Otorite yo dekrete kouvrefe pou eseye redui aktivite òlalwa kap dewoule nan Concepcíon ak nan Maule, ki nan rejyon sid peyi Chili.

Lendi, fòs sekirite yo fè konnen yo arete plizyè douzèn moun ki tap vyole kouvrefe a e piye magazen nan 2 vil sa yo. Madan Bachelet pwomèt otorite yo pral delivre manje, dlo ak abri (petèt tant) pou plizyè milye moun kap viv kounye a nan lari menm jan ak nan vil Pòtoprens, Ayiti, ki te sibi yon gwo tranblemann'tè 7 degre nan mwa janvye a.

Prezidan Bachelet, ki te renka pou l' mande asistans entènasyonal nan premye moman apre tranbleman'n tè a, lanse apèl kounye a pou mande konkou nan moman bilan viktim yo depase 700 mò e ka monte pi wo toujou, dapre previzyon yo. Sekouris kontinye ap eseye degaje moun ki bloke anba restan yon bilding ki efondre nan Concepcíon–dezyèm pi gwo vil Chili. Travayè-sekou yo sipoze ta geyen omwen 50 kretyen-vivan ki prizonye anba debri yo.

Tranblemann'tè a, ki fèt douvan-jou samdi 27 fevriye a, detwi bilding, otowout, pon, chavire otomobil e detwi rezo elektrik e koupe liy kominikasyon atravè Santiago ak Concepcíon. Yon tsunami sekous la pwovoke, devaste plizyè zòn ki bay sou lanmè–pami yo zile Robinson Crusoe kote yon vag lanmè antre preske 3 kilomèt nan zile a pou al sakaje vil San Juan Bautista.

Radmare a travese apre rejyon Pasifik la e oblije otorite nasyon nan rejyon an, tankou nan Hawaï ak Japon, lanse avètisman e evakye moun kap viv sou lakòt yo. Men erezman li pa fè gwo dega.

Ajantin ak divès lòt rejyon nan Amerik Di Sid la te santi sekous tranblemann'tè a.

jbjacque@voanews.com



XS
SM
MD
LG