Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Hillary Clinton Dwe Vizite Vil Santiago Madi


Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton, anonse lendi li pral fè yon vizit solidarite madi nan Chili kote tranblemann'tè samdi 27 fevriye a pote anpil dezolasyon. Chèf diplomasi Etazini, ki tap pale nan vil Montevideo (kapital Uruguay) anonse lap pote ekipman kominikasyon pou gouvènman chilyen an. Clinton te nan kapital urugweyen an pou prestasyon sèman nouvo prezidan an, José Mujica.

Akòz kataklis la, sekretè Deta Hillary Clinton deside rakousi vizit yon jounen li te planifye nan Santiago a. Olye de sa, madan Clinton pral pase kèk èd'tan sèlman nan ayewopò a pou yon chita-pale ak prezidan Michelle Bachelet e ak prezidan-eli a, Sebastian Pinera.

Men nan yon rankont ak laprès nan Montevideo, Clinton di li deside fè yon vizit senbolik nan Santiago pou montre solidarite Lèzetazini ak Chili, epi delivre yon premye kagezon ekipman kominikasyon "d'urgence" otorite chilyen yo te mande.

"Yo te mande ekipman kominikasyon...mwen genyen yon pòsyon nan yo avèk mwen nan avyon an". Na voye lòt ekipman teknik yo pa avyon laba-a. Men youn nan rezon yo mande'm kontinye ak vwayaj mwen an, se pou evalye ki lòt bagay yo ka bezwen, epi pou deklanche san pèditan pwosesis pou delivre yo a." Deklarasyon chèf diplomasi amerikèn nan."

Ekipman elektwonik se premye asistans Chili te reklame Lèzetazini apre kokenn tranblemann tè samdi dènye a. Pandan yon konvèsasyon nan telefòn ak dirijan chilyen yo, prezidan Barack Obaman ak Sekretè Deta Clinton te pwopoze, pami lòt òf, pou Lèzetazini voye nan Chili ekip rechèch ak ekip sekou.

Prezans Clinton nan seremoni prestasyon sèman nouvo prezidan urugweyen an demontre angajman gouvènman Obama a pou l' travay ak gouvènman latino-ameriken yo, kelkeswa tandans politik yo−menm ak sa ki panche agoch tankou gouvènman Uruguay a. Nouvo prezidan peyi a, Jose Mujica, se ansyen manm yon mouvman geriya "urbain" ane 70 yo, e li pral ranplase Tabare Vazquez−manm yon laj koalisyon plizyè pati gochis.

Nan yon "point de presse" ak misye Mujica nan Montevideo, anvan seremoni prestasyon sèman an, madan Clinton te salye efò li pou l' reyinifye peyi a e pou l' travay ak opozisyon an apre eleksyon chaje konpetisyon mwa novanm 2009 la.

Misye Mujica, bò pa li, admèt Latino-Ameriken yo genyen anpil prejije ki remonte depi nan tan benbo ak anpil "stéréotypes" konsènan òm politik ameriken yo. Men li ajoute sèten nan yo al bwa-chat ak eleksyon Barack Obama nan mwa novanm 2008 la kòm premye Nwa prezidan Lèzetazini. Mujica di "Se pa yon bagay nou pa te janm panse ki posib... e se te sempleman pwòp prejije pa nou"... Se yon leson, yon bèl leson, nou aprann. E sa souliyen bèl chanjman kap fèt atravè Lèzetazini.

Clinton, ki te konte pase nuit lendi a nan Santiago, kapital Chili, deside pito ale nan vil Buenos-Aires pou yon chita-pale ak prezidan Ajantin nan, Fernandez de Kirchner.

Vizit sa a ap dewoule nan moman tansyon an ap monte ankò ant Ajantin ak Grande Bretagne apwopo zile Malouines yo (Falkland Islands pou Britanik yo, Malvinas pou Ajanten yo) e ki sitiye sou kòt sid Ajantin.

Lèzetazini pa pran pozisyon ni pou youn ni pou lòt nan revandikasyon yo sou achipèl la−revandikasyon ki te debouche sou yon lagè brèf an 1982.

jbjacque@voanews.com


XS
SM
MD
LG