Prezidan Ajentin–nan, Cristina Fernandez de Kirchner mande Etazuni pou-l mele dirèkteman nan mezantant ki genyen ant peyi li-a avek la Grand’ Bretay sou kestyon zile Malwinn-yo.
Madan Fernandez fè demand sa-a yè Lendi-a pandan yon konferans pou laprès li te bay avek Sekretè D'eta Etazuni-an, Hillary Clinton ki ta-l vizite Ajantin nan kad virewon lap fé nan 6 nasyon nan Amerik Latin-nan.
Lidè Arjentin-nan di Lezetazuni ka sèvi kom mediyatè ant Buenos Aires ak Londr, puiske li se zanmi 2 nasyon-yo.
Madan Clinton di Washington pral ankouraje tou 2 peyi-yo pou yo angaje nan diplomasi, men li pa pral pran okenn angajman pou-l jwe yon pi gwo wol nan kesyon-an.
Mwa pase-a, la Grand’ Bretay te pèmèt yon konpayi Britanik komanse fè eksplorasyon pou petwol tou prè zile Malwinn-yo; yon aksyon ki te pouse Ajantin pote plent nan yon somè peyi Amerik Latin ak Karayib-yo ki dewoule sa pa gen lontan, e devan Nasyonzuni.