Accessibility links

Breaking News

Bill Clinton Ankouraje Resonsab Operasyon Umanitè, L'ONU Tabli Pi Bon Relasyon ak Gouvènman Ayisyen an


Nan yon tele-konferans ak plizyè responsab nan Nasyonzuni, ansyen Prezidan Ameriken Bill Clinton, ki se Anvwaye Spesyal Sekretè-Jeneral L’ONU-an pou Ayiti, soulve pwoblèm ki poze sou teren-an jiskaprezan, plis ke yon mwa-edmi apre tranblemann’tè 12 Janvye-a.

Msye Clinton te ankouraje responsab operasyon umanitè ak ekip durjans L’ONU gen ann Ayiti-yo pou yo tabli pi bon kowòdinasyon ak gouvènman Jn-Max Bellerive-la e youn ak lòt.

Ansyen lidè Ameriken-an ensiste sou nesesite pou plis Ayisyen resevwa abri anvan sezon lapli-a, pou gen pi bon sanitasyon nan Pòtoprens ak lòt zòn nan peyi-a, epi pou yo etann pwogramm “cash pou travay”-la, pou fè plis Ayisyen patisipe nan operasyon sekou-yo.

Biwo Anvwaye Spesyal-la fè konnen pami patisipan nan tele-konferans sila-a, yè Lendi-a, te gen reprezantan FAO, PAM, Lakwa Wouj Entènasyonal, PNUD, UNICEF, ak Wo-Komisarya pou Refujye-yo (HCR).

XS
SM
MD
LG