Gouvenman Chili-a deplase plis solda pou al distribye manje e pou mentni lod apré gwo tranbleman de tè Samdi pase-a, ki touye apepré 800 moun, ki fè anpil dega e ki mènm provoke yon tsunami nan tout Pasifik-la.
Helikoptè militè ki ap transpote pwovizyon sekou-yo ateri yè Madi-a nan vil Constitucion ki sou la kot e ki an ruin aprè tranbleman de tè ki te mezire 8.8 sou nechèl Riktè-a.
Otorite-yo fè yon mog pwovizwa nan yon jimnazyom kote yo ekspoze kadav-yo a tè pou yo ka idantifyé-yo. Yo afiche non moun ki mouri-yo pa deyo mog-la.
Gen omwen 250 moun ki pa reponn a l'apèl nan Constitucion.