Accessibility links

Breaking News

Chili: Lèzetazini Pwomèt Viktim Tranblemann'tè a Asistans


Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton, deklare Lèzetazini ap prepare yon pwogram asistans konsiderab pou peyi Chili apre kokenn tranblemann'tè ki touye plis pase 700 moun e deplase 2 milyon moun, dapre estimasyon yo. Clinton fè yon vizit tou kout nan Santiago madi 2 mas la pou rankontre ak prezidan chilyen an, Michelle Bachelet, ki pwomèt livrezon rapid manje ak materyèl sekou pou moun ki nan nesesite yo e pou l' reprime piyaj ak aktivite òlalwa yo.

Chèf di diplomasi Etazini an redui sou dire vizit yon jou li te planifye nan Chili an, e li rankontre pandan anviwon inèd'tan nan ayewopò entènasyonal Santiago a ak prezidan Bachelet. Madam Clinton remèt prezidan Bachelet pèsonèlman 25 telefòn satelit Lèzetazini fè Chili kado−premye pòsyon nan yon pwogram èd konsiderab pou nasyon sid-ameriken an.

Premye diplomat Etazini an anonse peyi li ap voye nan Chili 8 inite pou trete dlo ki deja sou wout. Li di "yo idantifye yon lopital mobil ki gen kapasite pou fè operasyon chiriji ki pare pou anbake. Nap travay pou satisfè bezwen pou aparèy otonòm ki ka fè dyaliz. Nou deja achte e ekspedye gwoup elektwojèn (dèlko, jeneratris). ekipman medikal, e nap travay pou nou idantifye e voye pon mobil yon fason pou konekte rejyon lwen ki pèdi pon yo kapab retabli koneksyon ak rès peyi a".

Clinton siyale peyi Chili te voye ekip rechèch ak sekouris nan peyi Dayiti apre tranblemann'tè ki devaste peyi karibeyen an nan mwa janvye a, e li di Lèzetazini pral fè tout sa li kapab pou ede Chili nan moman li nan bezwen.
Prezidan Bachelet remèsye sekretè Deta Clinton ak Lèzetazni pou asistans sa a. Li di gouvènman chilyen an gen detèminasyon pou'l ede moun ki nan nesesite yo. Lidè chilyen an ajoute "li vle touche tout rejyon le pi vit posib, tout kote nan peyi a dezas la afekte pou pote èd bay moun ki nan bezwen yo".

Men pou chilyen ki pase plizyè jou san manje, san dlo pwòp e ki nan lari yo, èd sa a pa rive vit ase. Tankou nan kominote ki bay sou lakòt yo, Constitucion pran 2 gwo kou nan katastwòf la ki souke vil la pandan plis pase yon minut e ki pwovoke youn radmare ki fè plis dega e koze plis lanmò toujou. Anpil abitan di dezas la lage yo 2 bra balan.

Yon dam di se tout moun kap soufri, granmoun yo an patikilye. Li ajoute tout vil la plonje nan dezespwa. Yon mesye, li-menm, di li manke lèt ak kouchèt ijyenik pou pitit li yo. Li fè konnen manje ak dlo se bagay yo plis bezwen kounye a.

Prezidan Bachelet di moun yo pran pasyans epi montre konpreansyon paske èd la ap rive, men li fè konnen gouvènman an ap fè fas ak gwo pwoblèm lojistik li dwe simonte. Pandanstan, li pase lòd pou plis fòs sekirite ale nan zòn dezas la. Li deklare piyaj ak zak òlalwa yo dwe sispann... e gouvènman an pral aji avèk "severite" ki nesesè a pou anpeche aktivite kriminèl.
Dirijan chilyen an di sila ki pa konprann nesesite fòk genyen lòd pral fè fas ak lalwa, paske gouvènman an pa kapab tolere aksyon sa yo.

Otorite yo nan Concepcion, dezyèm vil pi peple nan Chili, dekrete kouvrefe pou redui zak piyaj yo. Antretan, sèten sitwayen deside pran kesyon sekirite a nan pwòp men yo: yo fòme inite "otodefans" pou pwoteje kay ak etablisman komèsyal lokal yo.

Chile resevwa angajman apui nan men Nasyonzini ak anpil òganizasyon entènasyonal. Nasyon nan Amerik la yo, Inyon Ewopeyèn nan, Japon ak Lachine pwomèt tou asistans yo.

jbjacque@voanews.com

XS
SM
MD
LG