Accessibility links

Breaking News

Enfimye Danielle Beauzil Jwenn Enspirasyon, Fyete Pami Reskape Li Ede Swaye Anayiti


Le enfimye Danielle Beauzil te debake Anayiti nan kad yon gwoup 40 manm pwofesyon medikal la ki te soti Miami pou al pote sekou bay reskape yo, li pat pare pou ode dwol li te santi nan le a. Sete ode moun ki mouri yo, yon dokte te eksplike'l.

Demwazel sa a ki pran nesans nan vil Nouyok (manman'l ak papa'l se Ayisyen) ansanm ak 2 se li yo (ki se enfimye tou) epi bo fre li ki se yon dokte, te rive nan ayeropo Potoprens la granm maten. Yo te pase yon total de 4 jou Anayiti, kote yo te travay nan yon lopital kominote ki tap resevwa moun ki blese pandan kataswtof la. Pi fo moun sa yo te gen janm oubyen bra ki kraze, Danielle fe konnen e malerezman yo te oblije anpute manm sa yo pou epaye lavi yo.

Nan Miami, jen enfimye sa a travay ak timoun ki gen an un an ak 18 an. Malgre li trete ka d'urjans, pi fo pami pasyan yo ap soufri ak maladi tankou grip, yon bra kase, kanse ak diyabet. Nan lopital kote li travay la andeyo Miami gen yon suplu medikaman - egzakteman le kontre sa'l te konstate Anayiti.

"Medikaman se sitou yon bagay ki te manke...pat gen anpil medikaman pou doule, antibyotik se sa yo bezwen," Danielle eksplike.

Mamzel di gen yon dam ki te ansent 9 mwa ki te enpresyone'l anpil. Dam sa a paret ak pi fo yon bra li kraze net, zo a te vinn tou nwa e li tap kouri gwo risk pou'l fe yon enfeksyon. Dokte a te deside anpute bra a jous nan zepol. Dam sa a te resevwa selman yon espez aspirin pou doule a - Danielle patka kwe sa. Li di Ozetazuni pasyan yo gen opotunite rekupere pandan omwens yon semenn anvan yo retounen lakay yo, men reskape yo te anik retounen al nan tant kote yo tap viv la an plen er.

Olye yo rete kriye oubyen pase kole yo sou moun, Danielle di yo te gen yon atitud tre pozitif.

"Tout moun te vreman janti, tout moun te vreman rekonesan..... yo tap lapriye, yo tap chante," Danielle sonje.

Youn nan bagay Danielle di dyaspora a pa reyalize le yap gade imaj Ayiti nan repotaj televizyon Ameriken, se paket Ayisyen Ameriken ki tounen Anayiti pou ede konpatriyot yo. Li di se blan pou pi fo imaj sa yo montre men limenm, li konstate yon paket Ayisyen Ameriken epitou lot moun Karayib la ki fe vwayaj la pou ede peyi a.

Le li konsidere chok ak tray reskape yo viv, Danielle di li trez enpresyone.

"Sa banmwen anpil espwa antanke Ayisyenn," Danielle deklare.

Nan mwad Mas la, enfimye a gen entansyon retounen Ayiti ak gwoup ki rele "Les Enfans d'Aquin" pou'l travay kom volonte nan yon lopital nan pwovens.


XS
SM
MD
LG