Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Lòt Sekous Sismik Toujou Possib


Sismològ yo lanse avètisman pou di, popilasyon ayisyèn nan dwe fè preparasyon e pran prekosyon, paske gen plis soukous dèyè toujou aprè gwo tranblemann'tè 12 Janvye pase a.

Sismològ franse Eric Calais, kap travay pou inivèsite Purdue Ozetazini e ki vwayaje Ayiti pou pote-kole ak otorite ayisyèn yo fè konnen replik yo ap kontinye, donk fòk popilasyon an atann ni a sa.

Misye Calais di Ayisyen yo dwe komanse pran prekosyon ni paske replik yo pral kontinye.

Lendi ak madia, yon replik yo evalye a 4.7 degre sou nechèl Richter la te panike abitan yo nan sid peyi D'Ayiti. Episant soukous sa a te toupre vil Petit-Goâve, alwès Pòtoprens.

Misye Calais kritike tou bri "alarmiste" kap sikile nan peyi a pou di kòmkwa yon kokenn chenn tranblemann' tè pral frape Ayiti nan jou kap vinn yo. Espsyalis franse a di pèsonn paka predi kilè yon evènman konsa ap rive.

XS
SM
MD
LG