Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Ayisyen Lanse Miz An Gad Bay Moun Kap Chache Rekonstwi Kay Yo


Gouvènman Ayisyen an lanse avètisman bay moun kap konstwi nan kondisyon yo pa ta dwe konstwi.

Dapre korespondan nou nan Potoprens, Renand Toussaint, Sekretè D'Eta Sekirite Publik la Aramic Louis lanse miz an gad kont tout moun kap rekonstwi sou anplasman kay ki kraze yo oubyen kap fè aranjman nan kay ki fisure pandan tranbleman'd tè 12 Janvye 2010 la.

Aramic Louis fè konnen lapolis ak la justis Ayisyèn pral pousuiv tout moun kap pote boure sou tè ak kay prive lot moun. Misye di otorite yo pap aksepte mod pratik sa yo ki komanse. "Nou antame yon vast pwosesus de regulasyon yon seri de bagay kap fèt nan peyi a," misye eksplike.

XS
SM
MD
LG