Accessibility links

Breaking News

Preval: Bilan Viktim Tranbleman'd Te a Kapab Depase 300,000


Prezidan Ayisyen an Rene Preval deklare bilan mo yo apre tranbleman'd te katastwofik ki frape Ayiti mwa pase a takapab rive 300,000 apre yo finn detere tout kadav ki anba debri bilding ki kraze yo.

Prezidan Preval deklare ye Dimanch la ke yo deja dekouvri plis pase 200,000 kadab nan lavi peyi d'Ayiti, men gen anpil lot kadav ki antere anba debri yo.

Nan diskou li te pwononse devan peyi lide peyi Amerik Latinn ak Karayib yo nan peyi Meksik, Misye Preval di pi gwo bezwen Ayiti genyen kounyea se abri d'urjans.

Yon afe de 15 milyon Ayisyen ap viv nan tant oubyen anba prela e sekouris yo di kondisyon sa yo takapab koze maladi pwopaje pami popilasyon an le sezon lapli a komanse nan mwad Mas la.

Dapre denye chif yo gen omwens 217,000 moun ki mouri e plis pase yon milyon lot rete san kay apre pasaj tranbleman de te a.

XS
SM
MD
LG