Accessibility links

Breaking News

CNSA: Pa Gen Kriz Alimantè Anayiti


Konsèy Nasyonal Sekirite Alimantè (CNSA) ap travay avek patnè agrikòl peyi-a pou aplikasyon yon plan nasyonal.

Kowodonate FAO pou evalyasyon peyi D'Ayiti, Dick Tranchard, atire atansyon kominote entenasyonal la sou yon posib kriz alimantè ki ka frape kèk zon frajil nan peyi a tankou pa egzanp: Depatman l'Atibonit ak Grand Anse ak zon sud la, akoz yon bon pati popilasyon Potoprens la ki kite kapital la pou al viv nan zon sa yo apre tranbleman de tè a.

Misye Tranchard souliyen tou, peyizan yo pa gen lajan pou ache semans pou plante pou pwochen sezon an.

Men, Direktè Konsèy Nasyonal Sekirite Alimantè a nan Potoprens, Pierre-Gary Matthieu fè konnen pou kounyea, poko gen kriz alimantè nan peyi a. "Pa gen kriz alimantè pou le moman," direktè a deklare. Misye di responsab yo ka evite yon kriz konsa si yo ede peyizan yo jwenn semans pou plante nan mwad Mas la. Li ajoute moun sa yo bezwen èd d'urjans.

XS
SM
MD
LG