Accessibility links

Breaking News

Grip Pòsin nan : Yon Menas Sante Piblik Pou Lemond


ATANSYON : GRIP PÒSIN MENASE POU L GAYE NAN ANPIL PEYI NAN LEMOND

Gouvènman divès peyi atravè lemond ap prese pran dispozisyon pou yo anpeche yon epidemi maladi grip pòsin epapiye e pou populasyon yo pa pran panik, nan moman sanble l posib pou yo anrejistre plis ka maladi sa a nan peyi Kanada ak Nouvèl Zeland. OMS (Oganizasyon Mondyal Lasante www.who.int/mediacentre/news/statements/2009/h1n1_20090427/fr/index.html deklare viris ki bay maladi a se –nap site: “Yon manas pou sante piblik e sa kreye yon ijans o nivo entènasyonal.” Keiji Fukuda se asistan direktè-jeneral OMS. Li pale maten an ak kèk jounalis pa telefon-video depi vil Jenèv, nan peyi Laswis, pou di:

"Nou mande tout peyi pou yo ogmante vivilans yo e rete sou le kiviv dekwa pou n kapab detekte osi vit ke posib kijan viris la kapab gaye ou pa gaye."

Daprè asistan-direktè Fukuda, kominote entènasyonal la pi byen prepare jounen jodiya ke nan le pase pou l konbat yon maladi enfektyèz tankou grip pòsin nan. Nap siste ankò:

"Mwen panse lemond pi byen prepare lontan anpil ke nou te janm pare pou n fè fas ak kalte sitiyasyon sa a. Nan 5 kan ki pase yo, peyi yo travay trè di pou yo kontwole maladi grip avyè a. Yo travay di sou planifikasyon ki nesesè pou n pare kont tout epidemi, e nou genyen nouvo zouti pou sa, nou tabli nouvo sant siveyans pou sa, e nou genyen anpil stòk medikaman nan depo zizoka nou ta gen pou n konfwonte yon sitiyasyon konsa."

O Meksik, kote yo anrejistre pi gwo kantite ka grip pòsin nan, responsab lasante yo fè konnen yo kwè maladi a deja touye 103 moun e gen plis pase mil 600 lòt kap soufri avè l. Jodi lendi a, Komisyon Ewopeyèn nan lanse apèl pou l mande pou Minis Sante Piblik peyi manm yo fè yon reyinyon prese-prese pou yo fè deba sou menas posib eklatman maladi a ka poze. Ann Azi, konpayi ayeryèn yo kòmanse fè tès sou pasaje yo.

Isit o Zetazini, Minis Sekirite Teritoryal la, Janet Napolitano, dekrete yon eta dijans sou plan sante a paske, daprè li, desizyon sa a pral ede otorite yo depanse lajan Leta Federal ki nesesè pou fè fas a sitiyasyon an epi sa pral pèmèt yo mete a la dispozisyon gran piblik la estòk medikamen anti-viral ki nan depo.

Madàm Napolitano lanse apèl pou l mande kowoperasyon popilasyon an nap site :
“Gouvènamn an pa kapab rezoud pwoblèm sa a pou kont li. Nou bezwen pou tout moun o Zetazini pran yon ti pa responsablite. Si ou malad, rete lakay ou. Lave men w. Se pou n pran tout prekosyon rezonab sa yo, paske yap ede nou konbat maladi a epi limite kantite moun ki ka trape l."

Aprè Meksik ak Lèzetazini, Kanada se 3èm peyi kote yo konfime deteksyon maladi grip pòsin nan, avèk divès moun kap soufri avè l nan pwovens Nouvèl Ekòs avèk Kolonbi Britanik. Gen tès kap fèt pou konnen si maladi a deja parèt ann Frans ak Nouvèl Zeland.

Adrès Sit-Web OMS la:www.who.int/mediacentre/news/statements/2009/h1n1_20090427/fr/index.html



XS
SM
MD
LG