Accessibility links

Breaking News

Fowòm Lib Sou Sèvis Anglè VOA a Nan Okazyon 100 Premye Jou Prezidan Barack Obama Sou Pouvwa a


Nan dat 5 me 2009 la, a 15 zè GMT (swa: 11 zè di maten, lè Washington, e 10 zè di maten, ann Ayiti), Sèvis Anglè Lavwadlamerik la ap prezante, an dirèk, yon pwogram Fowòm tribun komunotè kap ouvè sou lemond antye, a pati de “Newseum nan”, donk mize enfòmasyon Washington nan. Tèm nan se: «Obama ak Lemond: 100 premye Jou sou Pouvwa a».

Espesyalis envite Lavwad'lamerik yo pral chache wè kisa Administrasyon Obama a reyalize –ou pa reyalize jiskaprezan—e y'ap santre atansyon yo sutou sou Relasyon Entènasyonal, tou espeysalman : Ouvèti sou Mond Muzulman an, Lewòp, Kiba, avèk Kore du Nò, epi natirèlman Ekonomi Mondyal la.

Nou envite oditè nou yo soumèt kesyon yo (kit se kesyon audio kit se kesyon sou video) an anglè, pa imèl, sou adrès sa a : Obama100Days@voanews.com Oubyen, yo ka vizite sit entènèt Lavwad'lamerik la, ki se http://www.voanews.com

Soumèt kesyon audio ou video pou pwogram Fowòm tribun sa a kap ouvè sou lemond, nan dat 5 me pwochen, kote espesyalis envite Sèvis Anglè VOA yo va fè deba sou reyalizasyon Administrasyon Obama a pandan 100 premye jou l sou pouvwa a o Zetazini.

Lavwad'lamerik ap tann imèl nou.

XS
SM
MD
LG