Accessibility links

Breaking News

Kisa Grip Pòsin nan Ye ?


KISA GRIP POSIN YE ?

Enfluyannza pòsin –oubyen “grip pòsin” se yon maladi respirstwa kochon ki sevè e ki trè konatajye; sa k koze li se youn nan plizyè viris A ki bay kalte grip sa a. Tandiske li fasil pou moun trape maladi a, nivo to mòlite li koze rete byne ba (swa ant 1 e 4 pou san). Viris la pwopaje nan mitan kochon gras a ayewosòl e pa kontak dirèk e endirèk, e gen kochon ki pa montre okenn sentòm, men ki ka bay maladi a. Epidemi pami kochon se bagay ki rive pandan tout ane a, avèk yon ogmantasyon kantite ka yo nan sezon otòn ak ivè nan peyi tanpere yo. Nan anpil peyi, se yon woutin pou otorite lasante yo fè vaksinen popilasyon kochon yo kont maladi grip pòsin nan.

Viris ki bay grip pòsin nan se an jeneral sou-tip H1N1 an; men kèk lòt sou-tip ap sikile tou sou kochon (pa egzanp H1N2, H3N1, H3N2). Viris grip avyè a ak viris ki bay moun grip sesonyè a, kapab enfekte kochon tou, menm jan viris ki bay grip pòsin nan. Pafwa plis ke yon tip viris a la fwa konn enfekte kochon yo, e sa konn lakoz jèn ki nan diferan viris sa yo melanje. Sa konn fin pa bay yon kalte viris grip ki gen ladan n jèn ki sòti nan plizyè sous, e ki rele "virus reassortant".

Menmsi viris grip pòsin nan se yon viris ki gen yon espès byen presi e se kochon sèlman li enfekte, pafwa li konn travèse baryè espès yo pou yo bay lòm maladi.

KI KONSEKANS SA KA GENYEN SOU SANTE MOUN ?

Pafwa nouvèl rapòte de lwen an lwen eklatman epidemi grip pòsin ak enfeksyon li bay lòm. Sentòm klinik jeneral yo sanble tèt koupe ak grip sezonye moun konn genyen yo; men prezantasyon ka klinik ki nan nouvèl yo varye de enfeksyon san sentòm, pou rive nan nemoni grav ki ka menm koze lanmò.

Puiske prezantasyon ka klinik enfeksyon grip pòsin bay moun nan sanble anpil ak grip sezonye a (e li konn sanble tou avèk lòt kalte enfeksyon respiratwa grav) se pa chans yo detekte majorite ka yo, gras ak siveyans ki pèmèt moun dekouvri grip sezonye a. Moun konn pa rekonèt kèk ka lejè e ki pa prezante sentòm, yon bagay ki fè moun pa konnen egzatteman ki vrè dimansyon maladi sa a ka pran pami lè zòm.

KI KOTE MOUN DEJA TRAPE MALADI A ?

Depi aplikasyon regleman 1HR (2005)1 an an 2007, Oganizasyon Mondyal Lasante te resevwa enfòmasyon sou ka grip pòsin ki te parèt nan peyi Etazini ak Lespay. Depi fen mwa d'avril 2009 la, nouvèl yo pale de ka maladi a ki parèt o Meksik, o Zetazini ak Kanada, e gen analiz kap fèt pou konnen si li deja parèt an Frans ak nan Nouvèl Zeland).

KIJAN MOUN TRAPE VIRIS MALADI A ?

Dabitid, jan moun trape viris ki bay grip pòsisn nan, se nan pran kontak ak kochon. Sepandan, gen kèk ka kote moun pran maladi a san yo pat an kontak ak pyès kochon ni viv nan yon anviwonnman kote k te gen kochon. Gen kèk egzanp kote maladi a pase de yon kretyen-vivan a yon lòt; men ka sa yo rete limite ant moun (ou gwoup moun) ki te gen kontak sere-sere.

ESKE GEN DANJE POU MOUN MANJE KOCHON AK PWODUI KI FÈT AK VYANN KOCHON ?

Pa gen danje non! Etid ki fèt pa montre ke moun ka trape grip pòsin nan, si yo manje vyann kochon ou lòt pwodui ki fèt ak vyann kochon--si yo byen trete e byen prepare vyann nan. Viris grip pòsin nan mouri si ou kuit vyann nan ak yon tanperati 160 degre F. (swa 70 degre C.); se tanperati ki koresponn ak gid jeneral pou preparasyon vyann kochon ak lòt kalte vyann.


NAN KI PEYI YO DEJA RAPOTE EPIDEMI GRIP POSIN NAN PAMI POPILASYON KOCHON ?

Moun pa gen obligasyon pou yo voye enfòmasyon sou grip pòsin bay Otorite Entènasyonal Pou Sante Animal (OIE,www.oie.int); kidonk, moun pa tèlman byen konnen pwopagasyon maladi sa a pami bèt. Moun konsidere maladi a egziste nan yon eta andemik o Zetazini. Moun konnen tou ke epidemi maladi a te egziste pami kochon ann Amerik di Nò ak Amerik di Sid, ann Ewòp (pami peyi sa yo, genyen Wayòm Ini, Laswèd, ak Itali), ann Afrik (Kenya), e nan kèk rejyon nan pati lès kontinan azyatik la, nan peyi tankou Lachin ak Japon.

KI RISK KI EGZISTE POU YON PANDEMI TA EKLATE ?

Sanble li posib pou pi fò moun (espeysalman sila yo ki pa gen kontak regilye ak kochon) pa gen iminite ki ta ka anpeche yo pran enfeksyon viris grip pòsin nan. Si yon viris grip pòsin fasilite yon transmisyon maladi a ant yon moun ak yon lòt, sa kapab koze yon pandemi grip sa a (yon pandemi se lè yon maladi gaye nan divès zòn sou plis ke yon kontinan a la fwa). Konsekans yon pandemi ke yon viris konsa koze, se yon bagay ki difisil pou moun predi; sa depann de severite viris la ak iminite ki egziste pami moun yo, sètadi pwoteksyon natirèl ki sòti nan anti-kò moun devlope lè w trape enfeksyon grip sezonye a bay, epi sa depann de fason kò yon moun reyaji ak viris la. Divès kalte viris ki bay grip pòsin nan konn mete ansanm pou yo pwodui yon viris ibrid (sètadi yon lòt souch viris) lè yo melanje avèk viris ki bay moun grip sezonye a, e sa konn pwovoke yon pandemi.

ESKE GEN YON VAKSEN KI KAPAB PWOTEJE MOUN KONT GRIP POSIN NAN ?

Non ! Viris ki bay grip yo ap chanje trè vit e korespondans ant yon vaksen ak viris kap sikile a, se yon bagay ki trè zenpòtan pou bay yon moun ki pran vaksen an kalte iminite ki nesesè pou pwoteje l. Se poutèt sa li nesesè pou OMS chwazi yon viris 2 fwa pa ane pou l fè vaksen kap pwoteje moun kont grip sezonye a, yon fwa pou sezon ivè emisfè nò a, e yon lòt fwa pou emisfè sid la. Vaksen kont grip sezonye a ki la aktyèlman e ki baze sou rekòmandasyon OMS, pa gen ladan yo vaksen kont grip pòsin nan.

Moun pa konnen egzatteman si vaksen kont grip sezonye a kapab ofri pwoteksyon tou kont enfeksyon viris grip pòsin kap frape kounyela a Lèzetazini ak Meksik la. OMS ap travay yon fason sere-sere avèk enstitisyon patnè l yo pou yo kontinye bay konsèy sou fason moun kapab itilize vaksen kont grip sezonye a pou pwoteje tèt yo kont grip pòsin nan.

Nou va ajoute nouvèl nèf nan seksyon sa a ofiramezi nap resevwa plis enfòmasyon sou sitiyasyon an.


XS
SM
MD
LG